Ezekiel 27:36
Moun k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 37:10Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
Jeremiah 18:16Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.
Jeremiah 49:17Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè.
Lamentations 2:15Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!
Ezekiel 26:14Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch, se la pechè yo pral cheche senn yo. Yo p'ap janm rebati lavil la ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Zephaniah 2:15Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.