Ezekiel 28:10
W'ap mouri tankou moun ki pa konn Bondye. Se moun lòt nasyon yo k'ap touye ou. Mwen fin pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Cross References
1 Samuel 17:26David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?
Jeremiah 6:10Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Ezekiel 28:7Enben, mwen pral fè moun lòt nasyon vin atake ou. San manman pase yo pa genyen. Yo pral kraze dènye bèl bagay ou te ranmase ak bon konprann ou an. Yo p'ap gen respè pou gwo pozisyon ou lan.
Ezekiel 32:19Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a.
Ezekiel 32:24Peyi Elam lan la tou avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo desann konsa nan peyi kote mò yo ye a, yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo, yo mouri ansanm ak moun ki desann nan twou san fon an.