Ezekiel 28:14
Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:17W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè.
Exodus 40:9W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt.
Isaiah 10:6Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Isaiah 14:12Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa?
Isaiah 37:26Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou ou te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.
Ezekiel 20:40Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo.