Ezekiel 28:17
Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 73:18Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.
Proverbs 11:2Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
Isaiah 14:9Peyi kote mò yo ye a tèt anba pou resevwa ou. Nanm tout moun ki te gwo chèf sou latè ap souke kò yo pou ou. Nanm tout wa yo ap leve kanpe sot sou fotèy yo.
Isaiah 25:12L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo, l'ap jete yo plat atè, l'ap fè yo tounen pousyè.
Jeremiah 8:9Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a?
Ezekiel 16:41Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado.