Ezekiel 28:23
Mwen pral voye maladi sou yo. San moun pral koule nan tout lari. Lènmi ap soti toupatou vin atake yo. Moun pral mouri nan lavil la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 5:12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.
Ezekiel 21:14Koulye a, nonm o! Bay mesaj sa a. Lèfini, bat men pou ankouraje. Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa. Nepe a ap touye anpil moun. Nepe a ap sènen yo kote yo vire.
Ezekiel 25:7Se poutèt sa m'ap lonje men m' sou nou pou m' pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 25:17Se pa ti pini m' pral pini yo, m'ap tire revanj mwen sou yo. M' pral move anpil sou yo. Lè m'a tire revanj mwen sou yo, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 30:4Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo.
Ezekiel 38:22M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo.