Ezekiel 28:24
Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 23:13nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
Isaiah 35:9P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò!
Jeremiah 12:14Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.
Ezekiel 28:23Mwen pral voye maladi sou yo. San moun pral koule nan tout lari. Lènmi ap soti toupatou vin atake yo. Moun pral mouri nan lavil la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 36:36Lè sa a, rès moun lòt nasyon sou fwontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'!
Micah 7:4Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l' te voye yo avèti l' la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l' di ni sa pou l' fè.