Ezekiel 28:25
Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m' te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:44Men, menm lè sa a, antan yo la toujou nan peyi lènmi yo, mwen p'ap meprize yo, mwen p'ap lage yo jouk pou m' ta fini ak yo nèt. Mwen p'ap kase kontra m' pase ak yo a. Paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a.
Psalms 106:47Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
Isaiah 11:12Seyè a pral leve yon drapo pou l' fè moun lòt nasyon yo wè li pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. L'ap ranmase tout moun pèp Jida ki te gaye toupatou sou latè yo. L'ap mennen yo tounen nan peyi yo.
Jeremiah 12:14Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.
Jeremiah 27:11Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l', m'a kite l' nan peyi l', l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 31:8Wi, se mwen menm, Seyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.