Ezekiel 29:15
Lè sa a, se va pi piti peyi nan tout peyi sou latè. Li p'ap janm rive donminen ankenn lòt nasyon. L'ap tèlman fèb, li p'ap janm ka fòse ankenn lòt nasyon fè volonte li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 17:6Ti plan an pran, li fè yon bèl pye rezen ki pa twò wo. Branch li yo grandi, yo moute nan direksyon malfini an, men rasin li yo menm desann fon anba tè. Li bay yon bèl pye rezen ak anpil branch plen fèy.
Ezekiel 30:13Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè.
Ezekiel 32:2-Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a.
Nahum 3:8Ou menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l',