Ezekiel 29:20
Wi, pou tout gwo sèvis li rann mwen yo, m'ap fè l' kado peyi Lejip la. Paske, se pou mwen yo t'ap travay. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 10:6Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.