Ezekiel 29:3
Pale avè l'. Di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. -Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 8:17Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo.
Psalms 76:7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
Isaiah 27:1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.
Jeremiah 44:30Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l' yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l' la tou.
Ezekiel 28:22W'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou menm, moun lavil Sidon, n'ap leve dèyè nou tou. Apre sa mwen pral fè nou an, moun pral fè lwanj mwen, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske mwen pral pini moun ki rete nan lavil la. Konsa, m'a fè moun wè se yon Bondye apa mwen ye.
Ezekiel 32:2-Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a.