Ezekiel 29:4
Mwen pral kwoke yon zen antravè nan machwè ou. Tout pwason larivyè a pral kole sou ou. Lèfini, m'ap rale ou soti nan larivyè a ak tout pwason yo kole sou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:28Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
Isaiah 37:29Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
Ezekiel 38:4M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an.
Habakkuk 1:14Kouman ou ka aji ak moun tankou si yo te pwason nan lanmè, tankou koulèv nan raje ki pa gen mèt?