Ezekiel 29:6
Lè sa a, tout moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Seyè a di ankò: -Moun pèp Izrayèl yo te konte sou ou, men ou pa t' pi solid pase yon baton wozo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:18Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.
2 Kings 18:24Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi se sou peyi Lejip w'ap konte pou jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè?
Isaiah 30:2Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.
Isaiah 36:6Ou al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans.
Lamentations 4:17Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou.
Ezekiel 28:22W'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou menm, moun lavil Sidon, n'ap leve dèyè nou tou. Apre sa mwen pral fè nou an, moun pral fè lwanj mwen, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske mwen pral pini moun ki rete nan lavil la. Konsa, m'a fè moun wè se yon Bondye apa mwen ye.