Ezekiel 29:9
Peyi Lejip la pral tounen yon dezè kote moun pa rete, yon pil mazi. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Ou te di se pou ou Nil la ye, se ou ki fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 16:18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
Proverbs 29:23Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
Ezekiel 28:2-Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye.
Ezekiel 29:10Enben, mwen pral leve dèyè ni ou, ni Nil ou a. Mwen pral fè peyi Lejip la tounen yon pil mazi, yon dezè kote moun pa rete depi lavil Migdòl nan nò jouk lavil Aswan nan sid, rive desann sou fwontyè peyi Letiopi.
Ezekiel 30:13Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè.
Amos 6:13Nou fè kè nou kontan paske nou pran lavil Lodeba. N'ap plede di: O wi, se avèk fòs kouraj nou nou pran kòn lan.