Ezekiel 3:10
Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 22:22Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.
Psalms 119:11Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
Proverbs 19:20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
Ezekiel 3:1Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo.
1 Thessalonians 2:13Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.