Ezekiel 3:15
Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
Job 2:13Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.
Jeremiah 23:9Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.
Ezekiel 1:3Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li.
Ezekiel 10:15Se te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè,
Habakkuk 3:16Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.