Ezekiel 3:17
-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
Song of Solomon 3:3Gad k'ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen?
Isaiah 21:6Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Ale non! Mete yon gad veye! W'a di l' pou l' fè ou konnen tou sa la wè.
Isaiah 21:11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?
Isaiah 56:10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Isaiah 62:6Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.
Jeremiah 6:10Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.