Ezekiel 30:14
M'ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M'ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M'ap pini lavil Tèb, kapital peyi a.
Bib La
In The King James Version
And I will make Pathros desolate, and will set fire in Zoan, and will execute judgments in No.
In Context
Cross References
Numbers 13:22Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sètan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.
Psalms 78:43lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
Isaiah 19:11Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye?
Jeremiah 46:25Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l' yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.
Nahum 3:8Ou menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l',