Ezekiel 30:18
Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m'a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m'a fini ak fòs kouraj ki t'ap fè l' gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Se konsa mwen pral pini peyi Lejip. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Cross References
Leviticus 26:13Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou nou pa t' rete esklav moun sa yo ankò. Mwen kase gwo kòd lwijanboje ki t'ap jouke nou an, mwen fè nou mache tèt anlè.
Isaiah 9:4Paske ou kraze bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, baton ki t'ap peze zepòl yo a! Wi, Seyè! Ou kraze bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou te kraze moun Madyan yo!
Isaiah 10:27Lè jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepòl nou; m'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizè ankò, n'ap gen tou sa n'a bezwen.
Isaiah 14:11Jan yo te konn fè lwanj ou ak bèl mizik dous sou gita! Koulye a, men ou nan peyi mò yo. Ou kouche sou yon kabann plen vèmen. Vè kouvri tout kò ou.
Isaiah 19:1Men mesaj Bondye bay sou peyi Lejip la: -Seyè a chita sou yon nwaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l'. Moun peyi Lejip yo gen kè kase.
Jeremiah 43:7Yo pa koute lòd Seyè a, yo rive jouk lavil Tapanès.