Ezekiel 30:22
Se poutèt sa, koulye a men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap leve dèyè farawon an, wa peyi Lejip la. Mwen pral kase tou de ponyèt li yo, ni sa ki te enganm lan ni sa ki te kase deja a. M'ap fè nepe a soti tonbe nan men l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:7Wa peyi Lejip la pa janm soti kite peyi l' la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.
Jeremiah 37:7Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m' lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip.
Jeremiah 46:21Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.
Ezekiel 34:16Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la.