Ezekiel 30:4
Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Isaiah 16:7Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo.
Isaiah 19:16Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo.
Jeremiah 46:9Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.
Jeremiah 50:35Men sa Seyè a di ankò: -Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l'! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l' yo!
Ezekiel 29:8Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di ou: Mwen pral voye moun atake ou avèk nepe. Yo pral touye dènye moun ak dènye bèt lakay ou.