Ezekiel 30:5
Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letiopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m' lan, Izrayèl, ki t'ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 12:3avèk mildesan (01.200) cha lagè, swasantmil (060.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pa t' ka konte ki te moute avè l' soti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letiopi nan lame a.
Isaiah 20:4Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.
Jeremiah 25:24tout wa peyi Arabi yo, tout wa ki rete nan dezè bò solèy kouche a,
Jeremiah 46:9Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.
Ezekiel 27:10Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a.
Nahum 3:9atout li te anvayi peyi Letiopi ak peyi Lejip kifè pa t' gen limit pou pouvwa li ankò, atout moun peyi Pout yo ak moun peyi Libi yo te mache ansanm avè l',