Ezekiel 30:8
Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Se peyi sa a ki pral pi mal nan tout peyi yo devaste yo. Lavil li yo pral tounen mazi nèt.
Cross References
Deuteronomy 32:22Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
Psalms 58:11(058:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.
Lamentations 4:11Seyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l' ratè.
Ezekiel 28:24Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la.
Ezekiel 29:6Lè sa a, tout moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Seyè a di ankò: -Moun pèp Izrayèl yo te konte sou ou, men ou pa t' pi solid pase yon baton wozo.
Ezekiel 29:16Pèp Izrayèl la p'ap janm bezwen konte sou li ankò. Sa va fè pèp Izrayèl la chonje jan li te gen tò pou l' te fye moun sa yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt la.