Ezekiel 31:10
Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 25:19Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a?
Job 11:11Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.
Proverbs 18:12Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.
Isaiah 14:13Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.
Ezekiel 31:14Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo.
Daniel 5:20Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a.