Ezekiel 31:12
Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo.
Cross References
Isaiah 34:5Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri.
Ezekiel 30:11Wa a va vini ak lame sòlda li yo pou yo ravaje tout peyi a. Se moun Babilòn sa yo ki pi mechan pase tout lòt nasyon. Yo pral atake peyi Lejip avèk nepe yo nan men yo. Pral gen kadav nan tout peyi a.
Ezekiel 32:12Mwen pral fè sòlda peyi ki pi mechan an touye tout pèp ou a ak nepe yo. Yo pral ravaje tout bèl bagay ki te fè ou kontan nan peyi Lejip la. Yo pral touye dènye kras moun nan peyi a.
Ezekiel 35:8Mwen pral kouvri mòn nou yo ak kadav. Ti mòn nou yo, fon nou yo ak ravin nou yo pral kouvri ak kadav moun yo touye nan lagè.
Daniel 4:11Pyebwa a grandi, li grandi jouk tèt li rive nan syèl. Toupatou sou latè moun te ka wè l'.
Nahum 3:17Sòlda ou yo ak moun k'ap travay pou ou yo pral tankou yon bann krikèt ki poze sou raje lè fredi. Leve solèy la leve, y' ale. Pesonn pa konnen kote yo fè.