Ezekiel 31:16
Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 14:15Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!
Ezekiel 26:10Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l' yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe.
Ezekiel 27:28Rèl maren k'ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble.
Ezekiel 31:14Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo.
Ezekiel 32:18-Nonm o! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye.
Nahum 2:3Vanyan sòlda l' yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj violèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y'ap vin pou atake nou! Y'ap souke zam yo nan men yo.