Ezekiel 31:18
Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:36Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.
2 Chronicles 28:22Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.
Jeremiah 9:25Seyè a di ankò: -Yon jou pral rive kote mwen pral regle moun ki pote mak kontra m' lan sou kò yo, men ki pa konnen m' nan kè yo:
Ezekiel 31:2-Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a!
Ezekiel 31:16Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a.
Ezekiel 32:19Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a.