Ezekiel 32:10
M'ap fè anpil nasyon sezi wè sa k'ap rive ou la. Lè m'ap lonje nepe m' lan devan yo, wa yo pral tranble nan kanson yo. Jou w'ap tonbe a, yo tout pral tranble. Y'ap pè pou yo pa pèdi lavi yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men sa Seyè sèl Mèt la voye di wa peyi Lejip la: -Nepe wa Babilòn lan pral tonbe sou ou.
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Deuteronomy 32:41lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite.
Jeremiah 51:9Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.
Ezekiel 27:35Tout moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè.
Zechariah 11:2Nou menm, pye sikren yo, plenn sò nou! Paske pye sèd la tonbe. Gwo pyebwa yo fini! Nou menm, pye bwadchenn peyi Bazan yo, rele, plenn sò nou! Paske gwo rak plen bwa a kraze!