Ezekiel 32:15
Lè m'a fè peyi Lejip la tounen yon dezè, lè m'a devaste tout bagay nan peyi a, lè m'a touye dènye moun ki rete nan peyi a, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
14M'ap kite dlo yo poze, m'ap fè larivyè yo koule tou dousman. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.
Cross References
Exodus 14:4M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.
Psalms 9:16(09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
Psalms 83:17(083:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.
Ezekiel 6:7Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 29:19Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Mwen pral bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, peyi Lejip la pou li. Li pral pran tout richès li yo, l'ap mete men sou tou sa li jwenn, l'ap piye peyi a nèt: Se konsa l'a peye sòlda li yo.