Ezekiel 32:21
Sòlda ki te pi vanyan yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon ak moun peyi Lejip yo pral resevwa yo nan peyi kote mò yo ye a. Yo pral di: Moun ki pa pote mak kontra Bondye a ap mouri nan lagè, yo desann isit la. Se la yo vin kouche!
Bib La
In The King James Version
In Context
22Peyi Lasiri a la avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè.
Cross References
Psalms 9:17(09:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
Proverbs 14:32Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.
Isaiah 14:9Peyi kote mò yo ye a tèt anba pou resevwa ou. Nanm tout moun ki te gwo chèf sou latè ap souke kò yo pou ou. Nanm tout wa yo ap leve kanpe sot sou fotèy yo.
Ezekiel 32:19Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a.
Ezekiel 32:27Yo p'ap fè bèl lantèman pou yo tankou pou vanyan sòlda tan lontan yo, ki te desann nan peyi kote mò yo ye a ak tout zam yo sou yo, nepe yo anba tèt yo ak plak fè pwotèj yo anwo kadav yo. Paske yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè yo sou latè.