Ezekiel 32:25
Wa peyi Elam lan kouche nan mitan moun pa l' yo ki mouri nan lagè. Tonm sòlda li yo bò kote l'. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Sou latè, yo te mache fè tout moun pè yo. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo. Yo desann nan twou san fon an ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 10:4Li rele gad kò ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou yo pase m' nan betiz. Men, gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li.
Ezekiel 32:19Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a.
Ezekiel 44:7Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi.
Luke 12:4Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa.
Revelation 2:22Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo.