Ezekiel 32:26
Wa peyi Mechèk la ak wa peyi Toubal la tou, ansanm avèk tonm sòlda yo bò kote yo. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:12Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil.
Ezekiel 27:13Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo.
Ezekiel 32:23Yo mete tonm yo anba nèt nan peyi kote mò yo ye a. Tout sòlda li yo mouri nan lagè. Tout tonm yo bò kote l'. Se yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè.
Ezekiel 32:32Atout mwen te fè wa peyi Lejip la mache fè moun pè l' toupatou sou latè, y'ap touye l' ansanm ak tout sòlda li yo. Ni li ni sòlda li yo pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki mouri nan lagè yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Ezekiel 39:1Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Bay mesaj mwen ba ou sou Gòg la. Wi, di li men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' voye ba li: Ou menm Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, m' pral leve dèyè ou tou.