Ezekiel 32:3
Men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Nan mitan anpil nasyon ki va sanble bò kote ou, m'ap voye privye mwen sou ou pou m' pran ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ecclesiastes 9:12Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwezo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.
Lamentations 1:13Li rete anwo, li voye dife sou mwen, yon dife ki boule tout anndan mwen. Li tann pèlen pou mwen, li fè m' tonbe atè, Li kite m' pou kont mwen. San rete m'ap kòde anba soufrans.
Ezekiel 17:20M'ap voye privye m' sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m'.
Habakkuk 1:14Kouman ou ka aji ak moun tankou si yo te pwason nan lanmè, tankou koulèv nan raje ki pa gen mèt?