The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 32 › Ezekiel 32:30

Ezekiel 32:30

Tout chèf peyi nan nò yo la tou ansanm ak tout moun peyi Sidon yo. Yo te sitèlman gen fòs, yo te fè moun pè yo. Koulye a, yo desann nan twou san fon an. Yo pote wont mechanste yo anba tè a ak yo. Yo mete yo kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a, epi ki te mouri nan lagè yo.

Bib La

In The King James Version

There be the princes of the north, all of them, and all the Zidonians, which are gone down with the slain; with their terror they are ashamed of their might; and they lie uncircumcised with them that be slain by the sword, and bear their shame with them that go down to the pit.

In Context

29Peyi Edon an la tou ansanm ak tout wa li yo ak chèf li yo. Yon lè yo te vanyan sòlda, men koulye a yo kouche nan peyi kote mò yo ye a ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki te mouri nan lagè.

31Se pral yon gwo konsolasyon pou wa peyi Lejip la ansanm ak sòlda li yo, lè y'a wè tout kantite moun ki te mouri nan lagè. Se Seyè sèl Mèt la menm ki di sa.

Read all of Ezekiel 32

Cross References

Jeremiah 25:22tout wa peyi Tir yo, wa peyi Sidon ak wa tout peyi ki lòt bò lanmè Mediterane a,

Ezekiel 28:21-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon lavil Sidon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.

Ezekiel 32:24Peyi Elam lan la tou avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo desann konsa nan peyi kote mò yo ye a, yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo, yo mouri ansanm ak moun ki desann nan twou san fon an.

Ezekiel 38:15W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 32:30

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 32:29Ezekiel 32Ezekiel 32:31 →