Ezekiel 33:10
Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:39Moun ki rete nan sa yo te depòte yo va depafini nan peyi lènmi nou yo, paske y'a peye pou peche zansèt yo ak pou pwòp peche pa yo.
Ezra 9:15Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!
Isaiah 49:14Men, pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di: -Seyè a lage nou. Mèt la bliye nou.
Jeremiah 2:25Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo.
Ezekiel 18:19N'a mande nan kè nou: Poukisa yon pitit pa peye pou peche papa li te fè a? Men repons la. Se paske pitit la te mache dwat devan Bondye, li fè sa li te dwe fè. Li mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè, kifè l'ap viv.
Ezekiel 37:11Bondye di mwen: -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt.