Ezekiel 33:14
Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 28:13Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.
Isaiah 55:7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
Jeremiah 18:7Yon lè mwen pran desizyon pou m' derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou m' kraze l', pou m' detwi l'.
Ezekiel 18:21Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv.
Ezekiel 33:8Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.
Micah 6:8Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.