Ezekiel 33:2
-Nonm o! Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo konsa: Lè m'ap voye lènmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonnè pou veye peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:
3Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo.
Cross References
2 Samuel 18:24David menm te chita ant pòtay deyò a ak pòtay anndan an. Yon faksyonnè te moute sou teras anwo miray la, li te kanpe sou tèt pòtay la. Li leve je l', li wè yon nonm ki t'ap kouri vini.
Isaiah 21:6Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Ale non! Mete yon gad veye! W'a di l' pou l' fè ou konnen tou sa la wè.
Isaiah 62:6Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.
Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
Jeremiah 47:6Adye! Kilè nepe Seyè a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kò ou la!
Ezekiel 3:11Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m' voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo!