Ezekiel 33:31
Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:28Seyè a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon.
Psalms 78:36Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.
Isaiah 29:13Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.
Jeremiah 6:16Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!
Jeremiah 42:21Jòdi a, mwen fè nou konnen repons li, men nou pa vle koute anyen nan sa li voye m' di nou an.
Jeremiah 44:16-Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a.