Ezekiel 33:33
Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 3:19Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre.
2 Kings 5:8Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l': —Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l' konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.
Ezekiel 2:5Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.
Ezekiel 33:29Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l', lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Luke 10:11Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou.