Ezekiel 33:9
Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 15:10Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri.
Ezekiel 3:19Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou.
Luke 12:47Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.
Acts 13:40Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:
Acts 18:5Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan.
Acts 28:23Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.