The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 34 › Ezekiel 34:11

Ezekiel 34:11

Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m' yo pou m' swen yo.

Bib La

In The King James Version

For thus saith the Lord GOD; Behold, I, even I, will both search my sheep, and seek them out.

In Context

10Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.

12Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.

Read all of Ezekiel 34

Cross References

Genesis 6:17Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri.

Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.

Psalms 80:1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.

Isaiah 40:10Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.

Isaiah 48:15Se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l'. Se mwen menm ki fè l' vini. M'ap fè l' reyisi nan travay l'ap fè a.

Isaiah 56:8Men sa Seyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 34:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 34:10Ezekiel 34Ezekiel 34:12 →