Ezekiel 34:12
Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m' yo pou m' swen yo.
Cross References
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Jeremiah 13:16Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.
Ezekiel 30:3Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo.
Amos 5:18Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Seyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.
Zechariah 9:16Jou sa a, Seyè a, Bondye yo a, va delivre yo. Tankou yon bon gadò, l'ap sove bann mouton l' yo. Yo pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn.
Luke 15:8Osinon ankò, sipoze yon fanm ki gen dis pyès lajan. Si li pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li?