The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 34 › Ezekiel 34:14

Ezekiel 34:14

M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.

Bib La

In The King James Version

I will feed them in a good pasture, and upon the high mountains of Israel shall their fold be: there shall they lie in a good fold, and in a fat pasture shall they feed upon the mountains of Israel.

In Context

13M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.

15Se mwen menm ki pral okipe mouton m' yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Read all of Ezekiel 34

Cross References

Psalms 23:1Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.

Psalms 31:8(031:9) Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'.

Isaiah 30:23Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje.

Jeremiah 31:12Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.

Jeremiah 31:25Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouraj. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo.

Ezekiel 34:27Pyebwa nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m'a wete chenn lan nan kou yo, lè m'a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 34:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 34:13Ezekiel 34Ezekiel 34:15 →