Ezekiel 34:2
-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
Cross References
2 Samuel 5:2Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.
Psalms 78:72David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.
Isaiah 56:11Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
Jeremiah 3:15M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m' vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou.
Jeremiah 12:10Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.
Ezekiel 13:19N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.