Ezekiel 34:22
Men, m'ap vin sove mouton m' yo, m' p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:12L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.
Ezekiel 20:38M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Zechariah 11:7Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m' pou m' swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo.