Ezekiel 34:24
Se mwen menm, Seyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m' lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:45M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo.
Joshua 5:13Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Jeremiah 31:1Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.
Jeremiah 32:38Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.