Ezekiel 34:25
M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:6M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.
Job 5:23Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou.
Proverbs 3:24Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
Isaiah 35:9P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò!
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.
Jeremiah 23:4M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Seyè a ki di sa.