Ezekiel 34:28
Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p'ap vin chache yo kont.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 32:18Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm.
Jeremiah 46:27Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
Ezekiel 34:25M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.
Ezekiel 36:4Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz.
Ezekiel 39:26Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san ankenn danje ni malè, san pesonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pa t' kenbe pawòl yo avè m' pou y' al fè sa ki mal.
Zechariah 8:12Y'a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo.