Ezekiel 34:29
M'ap ba yo bon venn tè nan jaden yo. Moun p'ap mouri grangou nan peyi a ankò. Lòt nasyon yo p'ap pase yo nan betiz ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 4:2Jou sa a, Seyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pa t' mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo.
Isaiah 11:1Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Isaiah 53:2Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.
Isaiah 61:3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Jeremiah 33:15Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri.
Ezekiel 36:3Se poutèt sa, bay mesaj sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fwontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l', pou yo pran l' pou yo, tout moun t'ap pale sou nou, yo t'ap pase nou nan betiz.