Ezekiel 34:3
Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 21:13De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri.
Proverbs 30:14Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Jeremiah 2:30Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
Lamentations 4:13Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.
Ezekiel 19:6Li t'ap pwonmennen nan mitan lòt lyon yo, li tounen yon jenn mal lyon. Li aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.