Ezekiel 34:8
Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Seyè a voye di nou.
9Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m'ap di nou.
Cross References
Ezekiel 34:2-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.
Ezekiel 34:10Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.
Ezekiel 34:31Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
1 Corinthians 9:15Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!
Jude 1:12Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.